45 Non Jézu Gin Gnou Son Si Dou

45 CEK, Page 134

1
Non Jezi gen yon son si dou!
Li chase tristès nou.
Non Jezi ban nou gerizon,
Pa gen yon pi bèl son!

2
Non Jezi kalme kè twouble,
E lespri fatige.
Li kou yon manje tèlman gou
Pou nanm yo ki grangou.

3
Non Jezi se kou yon gwo wòch
Li pa ka deplase,
Li pwoteje m, li kache mwen,
L a sove m jouk lafen.

4
Jezi sèvi pou mwen tankou
Bèje e zanmi m tou,
Se li ki chemen an, epi
Laverite, lavi.

5
Mwen pa t ka fè anpil pou ou;
Sa m fè a piti tou ;
M a di ou mèsi pou tout gras,
Lè m a wè w fasafas.

6
Annatandan, mwen vle sèvi
Ak tout souf mwen, pou di
Tout pechè yo, se nan non ou
Yo kapab sove tou.