9 Nan Pouin Lan Mo! Krétiin Yo Pa Kab Pèdu

1
Nanpwen lanmò, kretyen yo pa ka pèdi
Pawòl Kris asire delivrans mwen.
Mwen te pèdi, kounye a mwen sove,
Wi, mwen sove gras a Kris, Sovè mwen.


Nanpwen lanmò, se laglwa. Alelouya!
Se nan plas mwen Jezikri te soufri
Li te pran plas mwen pou mwen kapab sove
E li te sove mwen ak tout gras li.

2
Nanpwen lanmò! peche mwen yo padone
Mwen asire puiske Jezi mouri
Fòs satan ki te donte mwen fi n kraze
Jezi vivan l ap kenbe m avèk li.

3
Nanpwen lanmò, paske lè kò m va mouri,
Nanm mwen ape monte toudwat nan syèl;
Ak tout frè yo m a rete nan prezans li,
Mwen konfye m nan li, sovè etènèl.