141 Chant d’Espérance | CEC, Page 159
Nanpwen anyen ant nanm mwen e Sovè m
Anyen nan lemonn deprave sa a,
Mwen te renonse ak plezi lachè m,
Jezi pou mwen, pa gen baryè la.
Kè
_Nanpwen anyen ant nanm mwen e Sovè m,_
_Pou anpeche m wè li fasafas;_
_Anyen pou detounen favè li anvè m,_
_Wete tout bòn! Pa gen baryè la._
2
Nanpwen plezi monn sa a ant mwen ak Kris
Kounye a vis pa atire mwen
Yo pa ka separe m ak Sovè mwen
Jezi pou mwen, nanpwen baryè la.
3
Malgre m a gen eprèv ki di petèt,
Malgre lemonn meprize lakwa;
M ap tann nan priyè jouk Senyè m parèt,
Se va triyonf, nanpwen baryè la.