65 Chant d’Espérance | CEC, Page 139
1
Mwen sonje byen ki jou li te delivre m,
E mwen konnen mwen fini avèk peche,
Paske mwen jwenn delivrans
E kè mwen fin asire
Mwen sove nan peche pou toujou.
_Kè_
_Delivre! Delivre!_
_Wi mwen sove nan peche_
_pou toujou! (2 liy, 2 fwa)_
2
Mwen sonje byen kijan kè m te boulvèse,
E ki tristès te fè nanm mwen an dèy.
Lè je mwen wè Jezikri,
E kè mwen louvri ba li;
Tout chenn mwen yo tonbe pou toujou.
3
Mwen sonje byen ke sa pa t fèt fasil,
E mwen te reziste ak Jezi anpil,
Li pa t vin pou kondane,
E li pran pasyans avè m
Jouk yon jou, m oblije wè limyè.
4
E se poutèt sa m ap chante pou Jezi,
Mwen santim byen
E nanm mwen gen yon frechè
Mwen pa ka pe, fò m chante,
Mwen vle mouri ap chante:
Alelouya! M delivre pou toujou.