48 Mwen pa bezouin pè

48 CEK, Page 134

Mwen pa bezwen pè, Sovè mwen tou pre,
E pou sove mwen, li prèt pou parèt.
M a va priye anpil Se Kris k ap aji,
Lè li nan kannòt mwen, mwen pa pè tanpèt.

2
Si chemen mwen nwa, se Kris ki gid mwen
M a obeyi li, l a pwoteje mwen.
Menm si tout moun kont mwen
E tout bagay nwa,
Pawòl li pa p manke, li dew akonpli.

3
Amou li pou mwen, se pa bagay yè,
Poutèt sa m konnen li pa p kite mwen.
Mwen pa kapab bliye tout delivrans mwen;
Poutèt sa m konnen l a ede m jouk lafen.

4
Mwen pa pou plenyen soufrans ni bezwen
Kris te avèti m sa gen pou vini.
Pawòl li ansenye tout moun k ap swiv li
Dwe sibi tantasyon ak pèsekisyon.

5
Tou sa k ap rive m, va sèvi yon byen,
M aksepte soufrans kòm si li te dous.
Li pa p dire lontan, byento l a sispann.
Nan Kris m a va kontan, m a gen laviktwa.