39 Moun Yo Ki Obéi

39 CEK, Page 132

1
Moun ki obeyi,
E k ap swiv Jezikri,
Yo kontan e trezò yo anwo.
Lezòt yo pa konnen
Ni la jwa, ni lapè
Nan kè tout moun k ap swiv Sovè yo. _(2 fwa)_

2
Pandan tout la jounen,
Se non Kris m ap chante.
Mwen ta swete tout moun konnen li.
Mwen sèten li renmen m;
Li mouri pou sove m
Avèk tout moun k ap vini jwenn li. _(2 fwa)_

3
S on favè Bondye fè,
S on jwa ki pap fini;
Jezi rete nan kè m, mwen konn sa.
Mwen konnen li Sovè m.
Mwen konnen li beni m
E lanmou Bondye ranpli kè mwen. _(2 fwa)_