145 Moun yo ki manké dévoua yo

145 CEK, Page 160

1
Moun ki manke devwa yo
Ki neglije travay chak jou,
Fè menm bagay pou Bondye,
Yo neglije travay syèl la.
Yo separe sa k dwe ansanm:
Lavi kretyèn ak dilijans.

2
Kè nou kontan lè Kris ak nou,
Nan travay nou nou mete zèl,
Chak ti travay, nou fè pou li,
Se kòmsi se yon sakrifis
Wi, se yon bagay ki byen vre:
Plis n ap sèvi, plis n ap renmen.