5 Moun ki méténan Jézu

1
Moun ki mete nan Jezi
Yon konfyans ki san mezi,
Yo kapab pa janm tonbe;
Delivrans yo asire.

_Kè_
Ak konfyans nou va mache,
Ak konfyans n a triyonfe
Ak konfyans jiska lafen,
Bondye va louvri chemen._

2
Ak konfyans nou va mache,
Koutkekout pèsevere;
Jezikri fè nou pwomès,
Li ak nou nan tout detrès.

_Kè_
Ak konfyans nou va mache,
Ak konfyans n a triyonfe
Ak konfyans jiska lafen,
Bondye va louvri chemen.