15 Mouin Vle Suiv Jézu Jouk La Fin

15 CEF, Page 126

1
Mwen vle suiv Jezi jouk lafen
Se li ki Senyè mwen!
Mwen va pèsevere nan li;
Sa, se lide m pou tout la vi;
Lòt moun ka fè sa yo vle.
Mwen deside pou m genyen lapè
Mwen va mache avèk Jezikri,
M a chèche fè volonte li.

2
Mwen konnen m kapab gen feblès,
Lè m devan gran detrès.
Men Jezi fe pwomès pou l ede
Moun ki gen lafwa nan li.
Jezi kenbe m ak de men.
Nan gras li yon pechè ka vin sen.
Tout konfyans mwen, se nan Jezi
Konsa m a suiv li jouk lafen.

3
Tout moun ki vle suiv Jezikri
Dwe konnen y ap soufri.
Satan ka byen vle tante yo
Pou fè yo suiv move chemen.
Men se Jezikri ki mèt,
Li te gen viktwa, li genyen l nèt.
M a va mache avèk Jezikri,
M a chèche fè volonte li.