72 CEK, Page 141
Mwen te tande bèl vwa Jezi
Ki pale pou di mwen:
Ou ki chaje, vini jwenn mwen,
Repoze ou sou mwen.
Mwen te vini, jan m te ye a,
Mizerab, fatige!
Mwen jwenn repo, lapè nan li,
Kè m vin kontan, mwen ge !
2
Mwen te tande bèl vwa Jezi
Ki pale pou di mwen:
Men mwen ofri w dlo vivan,
Se pou ou vini pran!
Mwen te vini e mwen te bwè
Dlo Sovè m te ban mwen;
Nanm mwen te vini rafrechi,
E m ape viv nan li.
3
Mwen te tande bèl vwa Jezi
Ki pale pou di mwen:
Se mwen ki vrè limyè lèzòm,
Vini swiv mwen, tout moun.
Mwen deside swiv Jezikri,
Mwen jwenn limyè nan li,
E se li ki va klere mwen
Chak jou jiska lafen.