132 Chant d’Espérance | CEC, Page 157
Mwen te pèdi nan vye peche
Mwen t ale lwen Bondye.
Depi Jezi te vin jwenn mwen,
Se Li k ap viv nan mwen.
_Kè_
_Jezi viv nan mwen, (2 fwa)_
_Ala bèl bagay pou mwen!_
_Jezi ap viv nan mwen._
2
Menm jan solèy la bay lavi
Tout flè yo sou latè,
Jezikri se solèy pou mwen,
Se li ki ban m lavi.
3
Mwen vle, Senyè, e se dezi m
Avan tout lòt bagay,
Viv lavi ki nan ou, Senyè,
Toutan w ap viv nan mwen.