124 CEK, Page 155
Mwen te fin pèdi
Men Jezi te sove m,
Se yon mèveye Sovè pou mwen;
Peche m te mare m,
Men Jezi delivre m,
Li s’on mèveye Sovè pou mwen.
_Kè_
_Li se yon mèveye Sovè pou mwen,_
_Se yon mèveye Sovè pou mwen,_
_Mwen te fin pèdi, men Jezi te sove m,_
_Li s’on mèvèye Sovè pou mwen._
2
Li s’on vrè zanmi
Si pasyan e trankil,
Se yon mèveye Sovè pou mwen;
Tout bagay mwen bezwen,
Mwen toujou jwenn nan li,
Li s’on mèvèye Sovè pou mwen.
3
Jezi konsole m,
E li ankouraje m,
Se yon mèveye Sovè pou mwen;
Li padone mwen
Li siye dlo nan je m
Li s’on mèvèye Sovè pou mwen.
4
Lamou Jezi vin
Pi presye toulejou
Se yon mèvèye Sovè pou mwen;
Lè m rete fidèl,
Gras li pi dous toujou,
Li s’on mèvèye Sovè pou mwen.