89 Mouin tap néyé nan péché

89 Chant d’Espérance | CEC, Page 146

Mwen t ap neye nan peche
Byen lwen lapè Bondye;
Nanm mwen ki te plen peche
T’ap plnje san rete.
Jezi ki t ape veye m
Lè li tande rèl mwen
Li vini touswit ede m,
Li sove mwen.

_Kè_
_Jezi sove m ! Jezi sove m !_
_Lè mwen te san sekou, Jezi sove m !_
_Jezi sove m ! Jezi sove m !_
_Lè mwen te san sekou, Jezi sove m !_

2
Wi, tout kè m mwen vle ba li,
Pou m toujou avèk li,
Pou mwen viv nan prezans li,
Pou m chante louwanj li.
Lanmou li si bon, si gran!
Li merite tout vi m,
Pou mwen sèvi li toutan
Map bay tout vi m.

3
Moun ki nan peche chèche l,
Jezi vle sove ou;
Pou l pote, avèk lanmou
Tout fado ki twò lou.
L a sove ou nan tanpèt,
L a kache ou toujou,
Fòtifye ou nan dizèt,
L a sove ou.