136 Mouin santi-m bi-in kontan pou-m sèvi Roua a

136 Chant d’Espérance | CEC, Page 158

Mwen santi m byen kontan pou m sèvi Wa a
Mwen byen kontan, wi byen kontan ;
Mwen gen lapè, lajwa pase tout bagay,
Lè m ap sèvi pi gran Wa a.

_Kè_
_M ape sèvi pi gran Wa a,_
_Chak talan m li resevwa;_
_Mwen gen lapè, lajwa, tout bagay,_
_Lè m sèvi pi gran Wa a._

2
Mwen santi m byen kontan pou m sèvi Wa a
Mwen byen kontan, wi byen kontan ;
Malgre solèy, malgre nyaj, m ava chante
Lè m ap sèvi pi gran Wa a.

3
Mwen santi m byen kontan pou m sèvi Wa a
Mwen byen kontan, wi byen kontan ;
M a kite men l dirije mwen pazapa
Lè m ap sèvi pi gran Wa a.

4
Mwen santi m byen kontan pou m sèvi Wa a
Mwen byen kontan, wi byen kontan ;
Tout sa m genyen, pou travay li m kontan bay,
Lè m ap sèvi pi gran Wa a.