95 Mouin pito gin Jézu pasé gro lajan

95 CEK, Page 148

Mwen pito gen Jezi pase gwo lajan
Mwen pito pou li, pase m ta rich toutan,
Mwen pito gen Jezi pase pi bèl kay;
Pito li gide mwen nan tout bagay.

_Kè_
_Pase pou m ta wa nan yon gran peyi,_
_Lè peche m ta fè m soufri;_
_Pito m gen Jezi pase tout bagay_
_Lemonn ta janm kapab bay._

2
Mwen pito gen Jezi pase vanite;
Mwen pito fidèl; pou li m ape lite;
Mwen pito gen Jezi pase renome
Mwen pito kenbe l, e viv nan lapè.

3
Jistis Jezikri se yon gran mèvèy;
Pawòl li pi dous pase yon gato myèl;
Mwen pito gen Jezi, li konn satisfè m
Mwen pito swiv li, li konn dirije m.