30 Mouin-minmsé Gnou Moun Télman Mizérab

30 CEK, Page 130

Mwen menm se yon moun tèlman mizerab
Kijan m kapab prezante devan Bondye?
Parèt devan twòn li, kijan pou m fè?
Malgre sa, men l yo lonje, l ap rele m.

2
Lè mwen vle mache nan chemen syèl la
Se lè sa a peche vini pou twouble m;
Poutan, mwen tande yon mo ki si bèl,
Repanti, kwè, e ou va delivre

3
Vwa m tande a, se vwa Jezikri menm,
Se men li yo ki lonje pou sove m;
Se nan li menm sèl mwen ka jwenn padon,
E se li menm tou ki ka pirifye m.

4
Mwen pa gen anyen, e m tèlman dwe ou
Poutèt sa mwen gen kichòy pou ba ou;
Menm jan ak Mari, m a montre w kijan
M renmen ou paske ou padone m tou.