29 Mouin Louvri Kè Mouin

29 CEK, Page 130

Mwen louvri kè mwen
Pou m resevwa ou.
Jezi, Sovè mwen,
Kè mwen bezwen ou;
Mwen santi mwen sèl;
Kè mwen fatige;
Viv ak ou ta bèl,
Ou ka ban m lapè.

2
Mwen louvri lespri m,
Pou m resevwa ou.
Jezikri, Senyè m,
Rete la toujou.
Vini gouvène,
Gide tout bagay.
Pou dirije m byen
M a suiv lòd ou bay.

3
Mwen louvri nanm mwen
Pou resevwa ou.
Bon redanmtè mwen
Kò mwen pou ou tou.
Pou mwen, lavi
Pa manke anyen;
Pou mwen ou mouri
Pran kò m, vi m, nanm mwen,