87 Mouin kontan jodia, gin solèy nan kè-m

87 Chant d’Espérance | CEC, Page 146

Mwen kontan Jodi a gen solèy nan kè m;
Tout krent ak dout yo pase;
Jezi di konsa: Nenpòt moun ki vle
Ka jwenn mwen pou sove l.

_Kè_
_Nan Jan 3:16 « nenpòt » vle di mwen,_
_« nenpòt » vle di mwen,_
_M ap mete non mwen la._
_Nan Jan 3:16 « nenpòt » vle di mwen_
_Mwen ladan! Alelouya!_

2
Mwen kontan jodi a, gen espwa nan kè m;
Se Jezi mwen vle bay glwa,
Paske li ban m laviktwa sou peche ;
Nan kè m li se sèl Wa.

3
Lanmou li mèveye ; Gras li mèveye!
Pou mwen Jezi te mouri.
Mwen te renmen lemonn, mwen te pèdi nèt
Jouk tan li te fè m vin lib.