32 Chant d’Espérance | CEC, Page 130
Mèt, pale, mwen menm m ap koute;
M ap tann pawòl nan bouch ou.
Vwa ou ki fè mwen si kontan
Kè m swaf tande li toujou.
M ape koute ou, Senyè,
Kisa ou gen pou di mwen.
2
Mèt, rele mwen, site non mwen;
Di m se ak mwen w ap pale.
Pou mwen kapab suiv ou pi byen;
Pou mwen mache san tranble.
Pale! Ou se Bon Bèje.
Mwen se mouton ou rachte.
3
Koute mwen avan mwen ale,
Mwen tankou yon moun pèdi
Mèt, pale! Se ou ki konnen
Tout bagay kè mwen anvi,
Tout sa nanm mwen bezwen vre;
Vini pale nan kè mwen.
4
Mèt, pale, e fè mwen pare
Lè m tande byen sa ou di,
San mize e ak kè kontan
Pou m fè tout sa ou te di.
M ape koute ou, Mèt mwen;
Pale, Mèt, pale ak mwen.