97 Map tandé bèl voua bon Sovè mouin

97 CEK, Page 148

M ap tande bèl vwa bon Sovè mwen :
Vin swiv mwen; _(3 fwa)_
Vwa Jezi ap rele m tout jounen:
Vin swiv mwen; _(3 fwa)_
Mwen te monte Kalvè pou ou;
Mwen te bay lavi m pou sove ou;
San m vèse dèt peche ou :
Vin swiv mwen. _(3 fwa)_

2
Ou te peche, men ou jwenn padon;
Vin swiv mwen; _(3 fwa)_
M a kase tout chenn peche ou yo;
Vin swiv mwen; _(3 fwa)_
Tout lòt bagay ave chanje,
Mwen va dirije ou, si ou vle,
M va jwa ou pou letènite,
Vin swiv mwen. _(3 fwa)_

3
Vin remèt mwen tout chagren ou yo,
Vin swiv mwen; _(3 fwa)_
Mwen prèt pou wete fado ou yo,
Vin swiv mwen; _(3 fwa)_
Vin jwenn repo, kite krent ou;
Fè m konfyans pou sa k va rive ou,
M a seche tout dlo nan je ou;
Vin swiv mwen. _(3 fwa)_