42 Map Gadé Ou Ak Foua

42 Chant d’Espérance | CEC, Page 133

1
M ap gade w ak lafwa,
Mouton Bondye sou kwa a,
Sovè si bon.
Koute mwen lè m priye,
Lave m paske m peche;
Depi jodi a m vle
Pou m pou ou nèt.

2
Ban m gras pou m pa fayi ;
Fòs kè mwen ap febli
De tanzantan.
Kòm ou mouri pou mwen,
Ou gen lanmou pou mwen
Se Pou w rete tou tan
Yon flanm vivan.

3
Tenèb kouvri chemen m,
Doulè nan tout kò mwen;
Gid mwen se ou.
Fè fènwa vi n limyè;
Wete kriye doulè,
Pa janm lese m kite
Bò kote ou.