116 M-bézouin Jézu, sé sa kè-m réko-nèt

116 CEK, Page 153

M bezwen Jezi, se sa kè m rekonèt;
Nanpwen zanmi kon li lè m nan tristès;
M bezwen Jezi, se sa kè mwen admèt;
Lèzòt ka pote fado yo,
Men m bezwen Jezi.

_Kè_
_M bezwen Jezi, m bezwen Jezi,_
_M bezwen Jezi kounye a;_
_M bezwen l lè solèy klere,_
_M bezwen l lè gran van soufle;_
_Chak moman sou wout Syèl la_
_Mwen bezwen Jezi._

2
M bezwen Jezi yon zanmi kon li menm
Pou gide m lè fènwa vin sou chemen m;
M bezwen Jezi, lè lènnmi nanm mwen pre ;
Mwen menm tou sèl, m ta fayi nèt,
Mwen bezwen Jezi.

(Kè)

3
M bezwen Jezi, mwen bezwen l jouk lafen;
Pechè yo pa gen yon lòt vrè zanmi;
M bezwen Jezi, lòt yo pa ka sifi;
Si plen lanmou, li fò, li vrè,
Wi, m bezwen Jezi.

_(Kè)_