78 Lé monn antié pèdu nan ténèb péché

78 Chant d’Espérance | CEC, Page 143

Lemonn antye pèdi nan tenèb peche
Sèl limyè lemonn se Jezi!
Kon solèy midi Levanjil la briye;
Sèl limyè lemonn se Jezi!

_Kè_
_Vin jwenn Jezi, l a ba ou limyè;_
_Limyè a dous, li bèl se Jezi!_
_Mwen te avèg, kounye a mwen wè._
_Sèl limyè lemonn se Jezi!_

2
Moun ki gen Jezi nan kè yo, gen limyè;
Sèl limyè lemonn se Jezi!
Si ou swiv Jezi chak jou, w a gen limyè;
Sèl limyè lemonn se Jezi!

3
Moun k ape viv nan peche, yo nan tenèb;
Sèl limyè lemonn se Jezi!
Pa konte sou tradisyon yo, sa twò fèb;
Sèl limyè lemonn se Jezi!

4
Sèl limyè ki va nan Syèl la, se Jezi;
Sèl limyè lemonn se Jezi!
Limyè n a gen nan vil lò a se Jezi;
Sèl limyè lemonn se Jezi.