100 Lè Jézu mouri sou Kalvè

100 CEK, Page 149

Lè Jezi mouri sou Kalvè,
Lè Kris mouri se te pou mwen.
Mwen mande m èske m a konnen
Konbyen mwen dwe, konbyen mwen dwe?

_Kè_
_Konbyen mwen dwe, lanmou san fen?_
_Konbyen mwen dwe, si Kris pou mwen?_
_Mwen konnen sa li fè pou mwen;_
_Mwen pa ka di konbyen mwen dwe._

2
Sovè mwen nan Jetsemani,
Te pase pi gran agoni.
Se pou mwen soufrans sa a te ye,
Kòman pou m di konbyen mwen dwe?

3
Se te lanmou li gen pou mwen
Ki fè l soufri yon mò wonte.
Lè tout san kò li te koule,
Li sove mwen, konbyen mwen dwe !

4
Lè m a rive nan Syèl la tou,
Rete avèk li pou toujou,
Mwen mèt pale dimil ane;
Mwen p ap fin di konbyen mwen dwe.