108 CEK, Page 151
1
Labib di nou te gen yon nonm
Ki viv nan tan lontan,
Li te byen rich, men li santi
Li bezwen plis ke lò.
_Kè_
_Wi, mezanmi, gen yon bagay_
_Ki plis pase lò!_
_Konnen peche ou padone,_
_Se pi bèl pase lò!_
2
Nonm nan se te yon moun ti tay.
Yon jou moun yo vin di l
Men Jezi prale vin ofri
Yon bagay plis ke lò.
_(Kè)_
3
Nonm lan te monte yon pyebwa,
Pou li te kapab wè
Sovè a ki kapab ofri
Yon bagay plis ke lò.
_(Kè)_
4
Byento Jezi te vin bò la,
Li wè nonm nan anlè.
Epi li rele l, e li di l:
“Fòk mwen al lakay ou”
_(Kè)_
5
Nonm nan te obeyi touswit;
E li te wè se vre
Ke byenfè Jezi te ba li
Se te plis pase lò.
_(Kè)_