107 Kè mouin trankil, O Bon-Dieu mouin

107 Chant d’Espérance | CEC, Page 151

Kè mwen trankil, O Bondye mwen!
Mwen vle di ou mèsi.
Kè mwen an pè ak ou.
Pa gen anyen sou latè,
Sof ou ki kapab satisfè m.
Lè mwen bwè nan tout sous lemonn yo,
Kè mwen gen swaf toujou.

2
Mwen swaf dlo sous ki lakay ou,
E yo tou pre mwen nan ou,
Mwen bezwen richès lanmou ou,
E li tou pre m tou.
Mwen jwenn yon nouvo chan nan kè m
Sou pi bèl mizik la,
Glwa pou Bondye pou tout gras li
Kè mwen poko jwenn.

3
Glwa pou Bondye lè fòs manke,
Pou feblès ak bezwen,
Pou lakrent ki fè m jwenn ak ou,
Pou sa ou gen pou mwen.
Mwen gen yon eritaj lajwa,
Men mwen poko ka wè l.
Se men ki te senyen sou lakwa
K ap kenbe li pou mwen.

4
Kè mwen trankil, O Bondye mwen,
Kè mwen se nan men w li ye,
Mwen tande yon bèl vwa lajwa
K ap sonnen patou.
Anpil moun ap di pawòl sa a:
“Letènèl se lò pa mwen”
Mesaj la nan bèl kantik sa
Pape janm sispann.