35 Chant d’Espérance | CEC, Page 131
Kè mwen ap chante kantik chak jou
Paske Jezi pa pi lwen;
Li di mwen konsa: mwen avèk ou,
Ou pa gen dwa pè anyen.
_Kè_
_Jezi, Jezi, Jezi,_
_Non k pi dous pou mwen,_
_M ap chante amou li._
_Kè m kontan, m pa pè anyen._
2
Mwen pa te manke konn fè rebèl
Kont tout pasyans Jezikri;
Jodi a mwen genyen asirans,
Se nan plas mwen l te mouri.
_Kè_
_Jezi, Jezi, Jezi,_
_Non k pi dous pou mwen,_
_M ap chante amou li._
_Kè m kontan, m pa pè anyen._
3
Ala yon amou ki fè li vle
Padone tout peche mwen!
O, Senyè fè m rayi tout peche,
Devan ou pou mwen mache.
_Kè_
_Jezi, Jezi, Jezi,_
_Non k pi dous pou mwen,_
_M ap chante amou li._
_Kè m kontan, m pa pè anyen._
4
Yon jou l a vini pou resevwa m
Nan kay, nan si bèl syèl la.
M a kite tè sa a ak yon gran jwa;
M a wè li anwo jou sa a.
_Kè_
_Jezi, Jezi, Jezi,_
_Non k pi dous pou mwen,_
_M ap chante amou li._
_Kè m kontan, m pa pè anyen._