41 Jézu, se nan prezans ou nanm mwen pran plezi

41 Chant d’Espérance | CEC, Page 133

1
Jezi se nan prezans ou nanm mwen pran plezi.
Ou konsole m nan gran tristès.
Ou se jwa m lajounen, e chan mwen lannwit.
Ou ban m espwa, se yon richès.

2
Bon Bèje, kote ou gade mouton ou
Pou ba yo patiraj lanmou?
Poukisa mwen kriye nan santye lanmò
Ou rete nan dezè a san ou?

3
Tanpri pa kite m drive isit san ou
Ap kriye nan dezè pou pen.
Detrès mwen ta yon lajwa pou lènmi ou
E yo ta rejwi nan penn mwen.

4
Lè l gade genyen dimil zanj k ap rejwi,
E anpil ap tann pawòl li.
Lè l pale tout letènite anvayi
Avèk louwanj pou Jezikri.

5
Bon Bèje, mwen tande epi m ap swiv ou
M ap mache ak ou pa lafwa.
Kenbe m e defann mwen, mwen toujou pou ou
E nan ou m ap toujou an jwa.