81 Chant d’Espérance | CEC, Page 144
Jezi, Ou ki renmen mwen,
Kite mwen ale jwenn Ou;
Tout lòt azil kapab ven,
Lè lanmò menase nou.
Kache mwen, o Sovè mwen,
Pandan tout loraj lavi.
Resevwa mwen a lafen
Nan lapè ki pap fini.
2
Ou se sèl refij mwen gen,
Nanm mwen pa gen lòt espwa
Tanpri, pa bandone mwen,
Sovè m, lè tout bagay nwa.
Mwen vle konfye m nan ou sèl
Mwen pa gen lòt sekou;
Sèvi pou mwen kou yon zèl
M a va byen lè m avèk Ou.
3
Mwen pa bezwen lòt bagay
Pase Ou, bon Jezikri.
Se ou menm ki te konn bay
Lasante e menm lavi.
Mwen menm, mwen pa vo anyen,
Mwen genyen anpil peche,
Se Ou sèl ki vrèman sen,
Ou se gras e verite.
4
Genyen anpil gras nan ou
Pi gran pase peche nou.
Gras ou se yon bagay dou,
Kite li travay an nou.
Jezi, Ou se sous lavi,
Ban m lespri Ou san mezi;
Jayi nan mwen kou yon pwi;
Se lavi ki p ap fini.