109 CEK, Page 151
Jezi, mwen te pwomèt ou
Pou m swiv ou jouk lafen;
Rete tou pre mwen toutan,
Mèt mwen e zanmi mwen.
Mwen pa pè sa k ap rive m,
Lè ou rete tou pre m;
Mwen pa p pèdi nan wout la,
Lè ou mache avè m.
2
M santi lemonn twò pre mwen;
Jezi rete pi pre.
Gen de bagay ki tante m;
Pou mennen m nan peche.
lenmi m yo, yo toujou la,
Yo anndan kè mwen tou;
Men Jezi, ou ka sove m,
Rete pi pre toujou.
3
Kite m tande ou pale
Byen klèman, pou m kapab
Konnen se vwa w ki pale,
Malgre tout vwa peche.
Pale pou ban m plis konfyans,
Pou m fè tou sa ou vle.
Pale, e fè m koute ou
Se ou ki gadyen mwen.
4
O Jezi, ou te pwomèt
Tout moun yo k ap swiv ou,
Kote w a ye nan Syèl la,
Se la yo va ye tou.
E Jezi, mwen te pwomèt
Pou m swiv ou toutan,
O ban mwen gras ou anpil,
Mèt mwen e zanmi mwen.
5
Kite m wè tout tras ou yo,
Pou m mete pye ladan.
Tout espwa mwen pou swiv ou
Se nan fòs ou sèlman.
O gide mwen, e rele m,
Soutni m jouk sa fini;
Epi pran mwen nan Syèl la,
Mèt mwen e Zanmi mwen.