4 Jézu, lésé-m maché ak ou

1
Jezi, lese m mache ak ou,
Mwen byen kontan pou m sèvi ou;
Fè mwen konnen ki plan ou genyen
Pou m pa chaje tèt mwen pou demen.
Mwen vle ede lòt moun ki pè
Avèk bon Pawòl ou Senyè;
Gade m tout tan nan bon chemen,
E kondui mwen jiska lafen.

2
Fè m gen plis pasyans tankou ou,
Gade m tou pre ou toulejou
Pou m fè travay mwen, ak lafwa
Ak konfyans ou ki bay viktwa,
Nan espwa ou ki kon solèy,
Klere tout bagay sou latè,
Nan lapè ou sèl ka ban nou,
Lese m viv, Jezi tou pre ou!