43 Jézu, kinbin-m pré la koua

1

Jezi, kenbe m pre lakwa;

San ou te vèse la,

Pou l kab pirifye tout nanm

Ki ta plonje ladan.

_Kè_

_Pre lakwa, pre lakwa,_

_Mwen vle toujou rete,_

_Jouk Jezi vini chache m_

_Pou l ka ban mwen lajwa._

2

Pre lakwa, nanm mwen tranble;

lanmou li te jwenn mwen,

Lè limyè li te antre,

Li te chanje kè mwen.

3

Pre lakwa, o Bon Sovè!

Fè m sonje soufrans ou,

Ede m mache byen chak jou

Anba lonbraj Kalvè.

4

Pre lakwa m ape veye,

Kwè, obeyi, priye,

Jouk tan lè a va sonnen

Pou l vin chache mwen.