129 Gnou foua rout mouin té gin tristès

129 CEK, Page 157

Yon fwa wout mwen te gen tristès,
Paske kè m te plen peche.
Kounye a mwen pa nan detrès,
Depi Jezi te antre nan kè m.

_Kè_
_M pa ka di konbyen mwen renmen Jezi_
_M pa ka di konbyen li renmen mwen;_
_Paske lanmou li san mezi_
_E pwofondè li san fen._
_Jezikri te rachte mwen ak san li,_
_E lajwa nan nanm mwen antre,_
_M ap viv sèlman pou Sovè a_
_Depi Jezi te antre nan kè m._

2
Gen gras pou moun ki soumèt yo,
Gras pou chak moun ki sove,
Genyen pisans pou fè kè m pwòp
Depi Jezi te antre nan kè m.

3
Lese m bay moun Levanjil la,
Jwenn lèzòt pou Jezikri;
Lakwa Jezi, mwen vle pote
Jouktan mwen va fin travay pou li.