117 Gadé ti Jézu ki kouché nan krèch la

117 CEK, Page 153

1
Gade ti Jezi ki kouche nan krèch la,
Otèl la refize l malgre li te Wa;
Bèje yo te vini pou adore li.
Bèl ti Senyè Jezi ki t ape dòmi.

2
Bèf yo t ape begle, ti Bebe leve
Li ouvri bèl je li, men li pa t kriye ;
Zetwal nan syèl la te klere figi li;
Vin wè Sovè ou ki te fèt pou mouri.

3
Mèsi, Senyè Jezi, pou kado lavi,
Jou fèt ou, Nwèl la, fè kè mwen rejwi;
Mwen renmen ou, Jezi, pi plis ke jamè
Mwen ba ou tout kè mwen pou letènite.