126 Dépi tan lontan, Bon-Dieu

126 Chant d’Espérance | CEC, Page 156

Depi tan lontan Bondye
Te pwomèt nou Jezikri.
Jou Nwèl, yon jou laglwa,
Li te vin bay tout moun jwa.

_Kè_
_Men, bèl jou sa a rive,_
_Jou nou wè Jezi vini._
_Chante toupatou sou tè._
_Jezi fèt nan Bètleyèm!_

2
Bèje, di nou li, tanpri,
Ki nouvèl nou gen pou nou?
Pouki nou vini isit,
Kite twoupo yo nan mòn?

3
Lè nou veye nan lannwit,
Men! Nou wè yon bèl limyè!
Zanj yo vini chante, ap di:
Sovè a vin sou tè.

4
O Jezi, ki lanmou sa a
Te fè ou vini desann,
Kite Syèl la, lakay ou,
Pou rete pami lèzòm?

5
Senyè Jezi, fè nou wè
Yon si bèl dousè nan ou,
Kè nou gen yon gwo dezi
Pou sanble ou plis chak jou.