36 Bèje mwen, se gnou Rwa damou

36 CEK, Page 131

Bèje mwen se yon Wa damou
Bonte li p ap janm fini.
Si se li menm ki Sovè mwen,
Mwen p ap janm manke anyen.

_Kè_
_Kote dlo a koule pi fre,_
_Se la li va kondui mwen,_
_E, se kote zèb yo pi bèl_
_Li mete patiraj mwen._

2
Mwen te fou, lè mwen te kite l,
Men, li menm l ale chèche m;
E, sou zepòl li, li pote m
M byen kontan, ak li m tounen.

3
Menm si mwen wè lanmò an fas,
Mwen p ape pè yon ti kras.
Gran baton ou ap pwoteje m
Kwa ou devan ap gide m.

4
Ou ranje yon si bèl kouvè
Pou mwen devan tout lènmi m,
Ou ban mwen manje, ou ban m bwè
Ou satisfè tout bezwen mwen.

5
Nenpòt kisa ki ka rive,
Jiska lafen m ap suiv ou;
Epi nan syèl la m a chante
Gras ou ki p ap janm fini.