68 Chant d’Espérance | CEC, Page 140
1
Bondye nan Syèl la di : « Ban mwen kè ou »
Pa gen lòt kado pi bon pase sa,
Dousman li rele ou kote ou ye;
Mete konfyans nan mwen, ban mwen kè ou.
_Kè_
_Ban mwen kè ou, (2 fwa)_
_L ap di ou tou dousman, kote ou ye ;_
_Nan lemonn tenèb li vle wete ou._
_Tou dousman l ap di ou:_
_Ban mwen kè ou._
2
Jezi, Sovè nou di : Ban mwen kè ou
Nan mizerikòd li l ap ensiste;
« Kite peche ou ak tout move zèv,
Mwen te mouri pou ou, ban mwen kè ou ».
3
Lespri di, byen dousman : Ban mwen kè ou,
Tout sa ou genyen ban m kenbe l pou ou,
Mwen gen anpil gras pou ba ou chak jou,
Konsakre tout bagay, ban mwen kè ou.