71 An ro mòn Kalvè yo té planté gnou koua

71 CEK, Page 141

Anwo mòn Kalvè, yo te plante yon kwa,
Pou mete yon nonm yo meprize.
Men nonm sa a se te sèl pitit Bondye a,
Ki mouri pou nou ka sove.

_Kè_
_Kris pann sou lakwa,_
_Sa se sijè chan mwen,_
_Kris sa a li byen mèveye._
_Li rachte sa k pèdi,_
_Li te peye tout pri._
_Glwa a Jezi, klouwe sou lakwa._

2
Lèzòm pa t konnen sa yo t ap fè lè sa a;
Kris di: Padone yo, souple.
Yo pa te konnen menm kwa ki meprize a,
Se te lakwa Kris glorifye.

3
Gen moun ki adore kwa Kris la sèlman,
Mwen menm m adore Kris sou kwa a.
Paske se pa nan kwa a pisans la rete,
Men se Kris sèl ki bay viktwa.