133 An nou chanté ak tout kè

133 CEK, Page 158

Annou chante ak tout kè,
Glwa pou Bondye, kreyatè.

_Kè_
_Bonte li se pou toujou;_
_Li fidèl, li plen lanmou._

2
Annou anonse non li,
Wi, se li sèl Bondye.

3
Se li ki fè solèy la
Pou bay tout moun bèl limyè.

4
Bèt ak moun konte sou li,
E li ba yo tout manje.

5
Li beni pèp li chwazi
Nan dezè bò Sinayi.

6
Li genyen pitye pou nou,
Nan mizè ak feblès tou.

7
Annou chante ak tout kè:
Glwa pou Bondye, kreyatè.